Resous Plan pou Aksè nan Lang

Biwo Eta New York pou Moun ki Gen Andikap Devlòpmantal (OPWDD) kreye yon Plan Aksè nan Lang nan yon efò pou bay aksè okonplè nan sipò ak sèvis ajans pou moun ki pa maton nan lang Angle (LEP).
Nan Dekrè Egzekitif Nimewo 26 la, Gouvènè Cuomo di konsa, “de (2) milyon edmi Nouyòkè pa maton nan lang Angle, sa ki vle di yo pa pale Angle kòm lang natifnatal yo, epitou yo pa maton ase pou li, pale, ekri oswa konprann Angle, sa ki lakòz yo gen anpèchman pou jwenn pwogram ak sèvis enpòtan gouvènman an.”
Plan Aksè nan Lang OPWDD kreye yon sistèm pou bay moun ki pa maton nan lang Angle aksè nan pwogram ak aktivite ajans yo, tankou sipò ak sèvis.












Print: